Etazini vle wè plis angajman Inyon Ewopeyènn nan kriz Ayiti-a

Sen Domeng___(TRiboLAND) Anbasadè peyi Etazini-a nan Repiblik Dominikènn, Robin Bernstein deklare yè Mèkredi-a, ke li ta renmen wè patisipasyon lòt anstans nan deplwotonaj kriz politik peyi Dayiti-a. Yon fwon komen pou yon apwòch multilateral avèk asistans Inyon Ewopeyènn tap yon mèyè mwayen pouf è fas ak sa Ayiti ap pase la!
“Li pa ka biznis Etazini, Ayiti ak Repiblik Dominikènn sèlman.”
Diplwomat peyi Tonton Sam nan di ke li santi ke nivo patisipasyon lòt aktè yo dwe ogmante atravè Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) oubyen lòt multilateral antite pou fè fas tout bon vwe ak sitiyasyon Ayiti-a.
“Si tout moun pa angaje yo nan sitiyasyon sa, bagay la ap vinn pi deteryore.”






