Depatman Nòdwès ak Nò pran gwo sekous gwoudou gwoudou maten an

108
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè_____(TRiboLAND) Li te nan 3:45 douvanjou jodi Dimanch 31 me 2020 an popilasyon Pòdpè subi yon aktivite latè tranble ki ta sanble pa okazyone gwo domaj.

Pou siywayen kap viv nan site Kapwa Lamò a, pat genyen twòp gwo zafè sinon ke yon ti van panik ki   te oblije kèk moun kouri soti deyò kite lakay yo pou yon ti bout tan.

Se te yon veritab konstènasyon pou kèk katye lòske bwit sou kou yon bon valè sitwayen te anba gwo panik ki te oblije yo kouri kite lakay yo. Se te reyèlman yon moman kou sezi ak de ou twa ti gout lawouli ki pa fè oken domaj, dapwè yon repòtè TRiboLAND.

Pi gwo sekous lakilbit yo manifeste plis nan zònn Nò a. Vil tankou Sen Lwi Dinò ak Ansafolè te resevwa pi gwo sakad, dapwè Hudson Fortuné, yon notab nan Pòdpè ki tap depoze bay TRiboLAND. Avèk yon magnitid 4.7, gwoudou gwoudou 20 segonn nan sekwe latèt o pye vil Bòyn e kreye pandan lanwit lan gwo van panik nan dezem vil peyi a, Kap Ayisyen. Sitiyasyon sa egalman, okazyone anpil moun kouri mete tèt yo deyò yon manyè pou sekirize tèt yo.

Annatandan bilan responsab yo nan Direksyon Pwoteksyon Sivil, Inite Teknik Sismoloji e Biwo minn ak Enèji rapòte evantyèl dega yo, depatman Nòdwès ak Nò leve maten an kòm si pat janm genyen absoluman anyen. Sepandan, syantis pasispann figire 2 depatman sa yo sou lis zònn ki anba gwo menas aktivite latè tranble.

Share: