Plizyè katye leve anba barikad kawoutchou nan Pòtopwens

112
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens___(TRiboLAND) Byen bonè jodi jedi maten 13 out 2020 an, anpil katye nan kapital peyi Dayiti deja ap leve chalè anba barikad anflame ki rann aksesibilite yo difisil.

Plizyè katye tankou Bèlè, Pèpetyèl, zòn Sanfil, Ri Montalè, zòn Sen Antwànn ak Lise Petyon e latriye, te sou bennzeng yo e arive rann aksesibilite yo difisil avèk barikad kawoutchou anflame. Kèk nan zòn yo te gen wòch kap tire e gwo detonnman kout zam latwoublay te fè kenken nan yon kapital ki te 80% plonje nan fè nwa. Protestasyon devanjou sa, se yon chofe jarèt pou sa ki gen pou wè avèk konparisyon ansyen Senatè Youri Latortue devan ULCC jodi jedi 13 out la, daprè yon sous kredib.

Antouka, patizan ansyen Senatè Youri Latortue yo ki ta sanble deja revandike mouvman devanjou sa, voye yon penga seren bay fòs lòd yo ki ta deja ap manniganse pou fè vyolans sou diferan supòtè, groupman politik ak senpatizan Latortue ki deja pare pou pote supò yo bay Senatè a devan biwo ULCC maten an.

Share: