Wachenton lage yon pè las nan kò gouvènman Jovenel Moise la pou li fikse yon dat pou prochèn eleksyon yo

109
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens____(TRiboLAND) Wachenton eksprime gro mache prese pou dewoulman eleksyon yo nan peyi Dayiti; e yo menm egzije atravè Sekretè Deta amerikèn an, Mike Pompeo pou gouvènman Moise bay dèyè’l 2 tap nan fikse yon dàt butwa pou eleksyon sa yo ki deja kreye anpil kontrovès nan peyi Dayiti.

Selon sa yon diplomat ameriken, Michael Kozak deklare bay Agence France Presse (AFP), Mike Pompeo konte rankontre avèk akolit li prezidan Jovenel Moise nan Repiblik Dominikèn alokazyon envèstitu nouvo prezidan dominiken an, Luis Abinader.

Mike ak Jovenel nan rankont sa, ap gen pou profite diskite sou nesesite programasyon eleksyon lejislatif yo ansanm avèk enplemantasyon yon Konsèy Elektoral Provizwa (KEP). Konsa, sa pral ranfòse defans leta a, daprè sa Pompeo fè konprann nan yon entèvyou.

Share: