Nòdwès ap pase move moman anba gwo lapli

100
0
Share:
TRiboLAND



Depi plizyè jou divès komin nan depatman nòdwès la tankou : Pòdpè ,Basen-ble , Chansòl ak Janrabèl ap sibi move moman anba lapli, labou,loraj ak zeklè.

Yon sityasyon ki okazyone gwo panik nan mitan popilasyon nòdwezyèn nan e vinn pèmèt plis moun paka manje ,tout wout koupe ti mari pa monte ti mari pa desann.

Endis sa yo, dapwè plizyè sitwayen raple n ke nòdwès la sou wout poul sibi moman difisil kel poko janm konnen anba gwo siklòn ak tanpèt .yon fenomèn ki vinn mete klou sou absè ekzije peyizan kap viv nan seksyon kominal yo non sèlman konsève tout pyès enpòtan yo tankou :batistè, kanè bank papye tè …men tou ekzije flach,alimèt, balèn, gaz ak lamanjay yon mannyè pou rive fè fas kare ak fenomèn sila si pita ta vin pi tris .

Li enpòtan poun soulinye ,malgre move tan lamèri, delegasyon ak pwoteksyon sivil nan nòdwès pa janm chita pou rive sansiblize popilasyon an sou konpòtman yo dwe genyen pou fè fas kare ak fenomèn sila.

Genson HYPPOLITE pòdpè

Share: