Group G9, alye gouvènman Moise-Jouthe la tèworize yon lòt fwa ankò residan nan Belè

98
0
Share:
TRiboLAND

09\03\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND)  Li te vè 6:40 pm yèswa lòske plis pase 200 bandi gagoule debake yon lòt fwa ankò pou teworize rezidan Belè.

Bandi sa yo ki te genyen alatèt yo Jimmy Cherisier alyas “Barbecue”, te divize an 3 branch nan zòn Marinèt yon fason pou byen sènetakèt yo. Zòn tankou Silino, Ri Sen Maten, Delma 2, 4, Belo, kafou Peyan kote ke plizyè moun asasine ak yon latriye kay ki bwile. Bandi yo te jwen ranfò machen blende ki tap sèvi yo jarèt.

Fas ak tout deriv sa yo, pa gen absoluman oken ranfò bò kote gouvènman an pou retabli lòd ou pote ranfò bay moun kap mande sekou yo, malgre apèl pote sekou yo bò kote rezidan yo ki ozabwa e gaye sou tout Champs de Mars.

Daprè yon temwen okilè, bandi yo fini egzekisyon vè 9:55 pm, ak yon bilan ki ekstrèmman lou.

Share: