Jouthe mande pou gen tèt frèt nan ankèt Me Dorval la

09\17\2020
Pòtoprens___(TRiboLAND) nan yon entèvwyou ke li bay yon radyo nan kapital, Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe mande tout ofisyèl nan diferan sèktè nan vi nasyonal la pou yo montre serenite pandan ankèt polis jidisyè sou asasinay batonye Me Monferrier Dorval ap rapouswiv.
Li regrèt ke gen anpil entèvansyon ki fèt nan laprès ki panse gen bagay ki kapab afekte ankèt la. PM Jouthe presize ke se yon senbòl leta de dwa ke yo atake e se yon krim ki pa ka rete enpini!
Li swete wè ke enfòmasyon sou ankèt la pa difuze chak jou sou medya yo; e mwen menm, m’ap tan ankèt Direction Centrale de la police Judiciare (DCPJ) a, yon ankèt ke li panse k’ap mache trè byen.






