Berson Soljour pran yon lòt promonsyon nan mwens pase 2 semèn

107
0
Share:
TRiboLAND

09\24\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon lèt dekachte ke Alatèt Police National d’Haiti a, Rameau Normil te adrese Berson Soljour, li fè eta de promosyon ke Direktè Santral Administratif AI a.

Nan mwens pase 2 semèn, Berson Soljour ki te apèn nome Direktè Santral Polis Administratif pa enterim,  pran promosyon ankò mèkredi 23 septanm 2020 an kòm enspektè jeneral PNH la daprè atik 60 ki chita sou lwa fòmasyon òganizasyon ak fonksyon enstitisyon kò polis natsyonal la.

Nap raple, osito ke Soljour te jwen premye promosyon Direktè Santral Polis Administratif AI a, moun ki te sou bisiklèt ke yo pa rive idantifye te mete dife nan restoran “L’Evasion” ki te rele ofisye a chèmèt chèmètrès.

Share: