Yon ajan sekirite ansyen senatè Youri Latortue krible anba bal nan Delma 64

10\12\20
Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon ajan sekirite ansyen senatè Youri Latortue apèn sot pran plizyè bal anba kout zam bandi ki pa idantifyàb nan Delma 64.
Enfòmasyon ki vinn jwen TRiboLAND fè eta de ajan sekirite senatè a ki tap travèse pou kouri moute machin blinde li nan moman sangwen yo pa rive idantifye krible’l anba bal tou prè biwo politik senatè a nan komin Delma.
Sepa premye fwa, moun ki nan sikwi Youri arive sible e mouri tèt nèg!






