Yon muzik kap vale teren atravè planèt la se “Jerusalema”, yon tub sid-afriken ki depase plis pase 200 milyon vu sou Youtube

105
0
Share:
TRiboLAND

10\27\20

 Yon tub sid-afriken ki sedwi prèske tout rès planèt la, se “Jerusalema” ki pete plafon menm 2 fwa nan peyi Itali e depase plis pase 200 milyon vu sou YouTube.

Mastè KG ak Nomcebo Zikode fè pale anpil deyo atravè monn lan avèk yon muzik sedwisant “Jerusalema” ke prèske tout moun adopte sou tè a. Kiyès moun ki pa sekwe kò yo lè yo tande yon parèy muzik; se yon priyè ki devni yon chanson viral? Superstar yo, relijye, elèv lekòl, militè…yo tout sekwe kò yo omwen yon fwa pandan jounen anba sakad “Jerusalema.”

Yo kreye “Jerusalema” sou YouTube nan mwa desanm 2019; konsa, tub la pat pran tan pou li te devni viral sou rezo a. 10 oktòb dènye, chanson bat yon rekò ki estime a 175 milyon vu sou YouTube. Kidonk, li pat pran 2 ou 3 semèn pou franchi ba 200 milyon vu.

Semèn sa, ant 24 pou rive 25 oktòb 2020 an, chanson an deja depase 202 915 000 vu sou YouTube. Se yon veritab rekò ki merite sinyale pou muzik afrikèn nan!

Muzik la ap vale teren kòm numero nan peyi Bèljik, an Swiss e nan Roumani ak yon latriye lòt kote avèk yon trè bèl plas nan top 10 plizyè lòt peyi ewopeyen. L’ap byen pase nan peyi Itali sou doub platin. Sa pa gen lontan nan mitan mwa oktòb la, tub la akimile 100 milyon streams sou Spotify.

Share: