Yon ayisyèn eli kòm “ Reprezantan Chanm Deta” pou Distri 101 an nan Eta Florid

11\04\2020

Reprezantan Chanm Deta, Distri 101 Florid
Miami______(TRiboLAND) Marie Woodson, yon pitit fi vil Pòdpè nan peyi Dayiti kite Kandida Demokrat pou kous “Reprezantan Chanm Deta“ nan Eta Florid pou Distri 101, arive jwen benediksyon popilè pou fè pati nou nouvo lejislasyon Talahasi a.
Wooden ki se yon ansyèn Administratè Piblik e ki travay pou kreye enpak sou vi yon krèy moun; ansyèn prezidant Konmisyon Fanm; yon militan ki pa sispan batay pou rezidan nan Sid Florid la, arive pote mayòl Distri 101 an, yèswa madi 3 novanm 2020 an kèk èd tan aprè kontaj vot yo nan Eta Florid.
Marie Wooden, ki pou anpil lòt moun konnen sou non jèn fi li “Marie Paule Vital” tap viv nan Distri 101 an depi 25 lane. Li se yon ansyen elèv Collège Notre Dame de Lourdes nan vil Pòdpè nan Nòdwès peyi Dayiti. Avèk yon oryantasyon ireprochab e yon portfolio sèvis piblik ki enpekad, pitit fi Kapwa Lamò a arive mete do advèsè repibliken, Vincent “Vinny” Parlatore” avèk 47,327 vot kont 16,032 vot.
Marie Woodson ki genyen apeprè 33 lane maryaj avèk Robert Wooden, genyen yon fi yon gason kòm pitit. Li dekroche yon Mastè nan Syans Administrasyon Piblik ak Manajman nan Inivèsite Sen Toma nan Florid; li dekroche egalman yon Bachelò nan Syans Jistis Kriminèl avèv Inivèsite Entènasyonal Florid.

Marie Wooden ki deklare ke premye jòb li nan peyi Etazini se “travayè nan yon faktori twàl”, dote tèt li de yon edikasyon solid ak yon pasyon supèb pou ede moun pasi pala. Li se yon sous espirasyon e yon fyète rasyàl pou anpil imigran ayisyen ki konnen pou ki sa yo deyò, notamman sa yo ki soti nan Nòdwès peyi Dayiti.






