Barbecue yon chèf gang rechèche, remèt lapolis, Obed Joseph Alyas “Kiki”

99
0
Share:
TRiboLAND

11\05\2020

Potoprens____(TRiboLAND) Aprè kout teyàt Barbecue sou swadizan menmiz sou rechèche prezime kriminel Obed Joseph alyas “Kiki” nan lanmò Evelyne Sincère; akize a depoze nan sou-komisarya Pòtay Sen Josèf nan zòn Nò peyi a.

Selon enfo yo, chèf “G-9 an fanmiy e alye, manyen youn manyen lòt” pat enterese kontakte lapolis tankou jan sa tap penpennen nan video ki tap paweze sou rezo sosyàl yo.  Kèk sous endike ke responsab DCPJ yo pat enterese asèpte pran rechèche prezime kriminèl la nan men Barbecue, pou evite kontwovès ak kritik ki te kapab anbarase responsab lapolis yo plis.

Sepandan, chèf G-9 la li menm tou ki se yon prezime rechèche pou yon latriye masak nan plizyè katye nan Pòtoprens, te konsidere ke “Kiki” te vinn yon koli jenan, ki finalman te oblije depoze li nan sou-komisary Pòtay Sen Josèf la pandan lanwit mèkredi 4 novanm 2020 an.

Share: