Dezòmè, aprè 4 jou kontaj Joe Biden eli kòm 46èm prezidan peyi Etazini

104
0
Share:
TRiboLAND

11\07\20

Wachentonn_____(TRiboLAND) Dezòmè, ansyen vis-prezidan Etazini an, Joe Biden eli kòm premye chèf ameriken yo nan prezidansyèl 2020 an. Aprè 4 jou rale mennen vini nan fè bras pou konte bilten, vot yo soti nan pasaj nan mitan yon pakèt malvèsasyon bò kote pati repibliken an ki tap propaje frod elektoral,

Joe Biden, finalman pral chita sou chèz boure a kòm 46èm prezidan Eta Tèt Kole yo. Li pral ranplase Donald Trump 20 janvye 2021 kap vini la.

Biden, ki te fè chwa yon vis-prezidan afro-ameriken, Kamala Harris, ranpòte yon parèy viktwa avèk 273 vwa gran elektè e ratibwaze rival li, Donald Trump ki te reyini sèlman 213 vwa gran elektè yo.

Joe Biden te genyen twaka vot popilè yo egalman. Byen avan rezilta ofisyèl yo, nouvo lidè democrat te deja envite tout ameriken atravè peyi a pou rete tèt frèt fas ak kontaj yo ki te egzije anpil pasyans.

Share: