Rara gaye nan vil Sen Lwi Dinò pou selebre viktwa Joe Biden, 46 èm prezidan Etazini

95
0
Share:
TRiboLAND

11\08\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Si nan peyi Etazini plizyè kominote ayisyèn nan diferan kontre ap selebre viktwa Joe Biden nan dènye prezidansyèl amerikènn yo; konsa, nan Sen Lwi Dinò, depatman Nòdwès se menm man parèy man.

Li te anviwon 6:00 samdi 7 novanm 2020 nan aswè, lòske rara gaye nan vil Sen Lwi. Plis pase yon santènn moun pran lari, gran kon piti pat sispan pakouri divès ri nan vil la anba yon ritm tanbou kata melanje ak samba nan fè nwa. Kontantman foul moun sa yo, resevwa viktwa Joe Biden, 46èm prezidan Etazini an avèk anpil yayad brase ren.

Konsa, objektif selebwasyon sa yo, se arive bay lespwa tete pou swete wè yon nouvo enpak politik etranje peyi Tonton Sam ki kapab mete yon fren nan krim tout kalite diktatè sanginen Jovenel Moise la ap egzèse sou tout moun ak nan tout domèn nan peyi a.

Pou anpil moun, se lave men swiye atè; se konte ze anndan vant poul; “gen anpil demokrat ki pase e repase deja nan Kay Blanch la, politik destasbilizasyon pou kontinye kenbe peyi Dayiti nan gòj la pa janm chanje,” daprè Joachim, yon sitwayen vil Sen Lwi Dinò ki tap kòmante.

Pou group sa, yo rete kwè ke se byen konte mal kalkile! Demokrat ak repibliken se pwason kraze nan bouyon, sitou lè yo pretann y’ap defann enterè Etazini devan, yo enpoze yon azipopo kont volote ak enterè popilasyon ayisyèn nan.

Junior Telusma

Share: