Ensekirite nan Monru: yon pastè ak tout madanm li ki ansent asasine anndan lakay yo

11\11\20
Monru______(TRiboLAND) Bandi swangwen ke moun pa arive idantifye anvayi lakay Pastè Jean Francois ak madanm li Luciane Exinor ki te gro vant 7 mwa dimanch 8 novanm vè 11:00 pou rive 11:30 nan swè, nan Komin Monru, depatman Lwès peyi a. Aprè ke yo finn mande e pran nan men Pastè a yon magogo lajan ki te destine pou achte siman pou biznis konstriksyon yo, bandi yo arive kanmèm krible koup sa ki apèn sot marye anba katouch.
Pastè Jean Francois, selon temwanyàj yon frè li, li mouri sou plas avèk plizyè katouch nan tèt, nan kou e nan pati jenital li. Sependan, madanm nan ki te gro vant ki krible anba bal ganstè yo, te bwit sou kou transpòte lopital.

Toujou, daprè frè pastè a ki konfime ke responsab yo nan Lopital Sen Nikola nan Monru, nan fè bras arive sove bebe a nan yon entèvansyon rapid e manman an malerezman arive mouri akòz absans enfrastrikti medikal.
Anpil moun nan popilasyon an estomake pou yon tèl zak san parèy e lage responsablite a soul eta koupyon an ki senpleman dispoze mwens yondizèn polisye pou kanton an.






