Ansyen depute Leyogann nan, Mèt Jean Danton Léger raple pèp souvren pou li itilize dwà defans li fas ak zak ensekirite deta a.

97
0
Share:

12\02\20

Leyogann____(TRiboLAND) Mèt Jean Danton Léger ki se yon ansyen depute envite popilasyon an pou itilize lejitim defans yon fason pou fè fas ak fenomèn ensekirite deta ke rejim nan mete anplas la kap vale teren.

Mèt Léger lonje dwàt jouda sou dirijan yo, ke li trouve ki pa gen kapasite ak detèminasyon pou alejeje zak kriminèl yo, sekirite ak soufrans entenab popilasyon an.

Pi lwen, Léger kontinye kalifye sa yo ki di se otorite ke yo ye, montre ke yo san jèn ak karaktè nan montre je klè konplisite yo nan danse kole ak bandi sangwen kap simen dèy nan sosyete ayisyèn nan.

Léger ki se yon ansyen komisè gouvènman, mande pèp souvren level kanpe ak fòs yon fason pou demaske’l sou pouvwa a menm avan fen manda konstitisyon kap kaba, 7 fevriye 2021 an. Konsa, se sèl mwayen pou peyi a antre anndan yon tranzisyon pou yon plan rekonstitisyon global.

Share: