Yon zak bwakaj avote nan Tomasen 25

92
0
Share:
TRiboLAND

01/07/21

Petyonvil______(TRiboLAND) Yon zak bwakaj avote nan Petyonvil nan mitan jounen mèkredi 06 janvye 2021 an nan Tomasen 25, Petyonvil.

Selon enfòmasyon yo, bandi ke moun pat arive idantifye te antre san onè anndan yon Supèmache nan rejyon Tomasen 25 nan Petyonvil; yo t’ap chèche fè chay yo avèk yon kòfrefò e finalman yo te echwe akoz entèvansyon ajan sekirite Supèmache a ki te jwen bon jan bourad lapolis nan yon sou-komisarya.

Konsa, youn nan eskanmòtè sangwen yo arive pèdi vi li e plizyè lòt anba kòd.

Share: