Komemorasyon 12 Janvye 2010 pase sou silans: sektè vodou a nan Nòdwès estomake

01/13/21
Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen madi 12 janvye 2021 an, sektè vodou a nan okazyon 11e anivèsè tranblemandetè 12 janvye 2010 pase a ki okazyone yon krèy kretyen vivan te pèdi lavi yo, estomake pou fason otorite nan peyi isit, notamman nan Nòdwès komemore yon tèl evènman ki gen anpil enpòtans pou pèp ayisyen an; sitou sila yo ki te gen pwòch yo ki viktim nan gwo katastwòf sila.
Selon Prezidan sektè vodou a nan rejyon Nòdwès la, Ougan Hervé Germain estime dat 12 janvye 2010 la, ta dwe yon dat ki ekri nan kaye chak grenn ayisyen ak yon lank ki pa ta dwe janm efase. Savledi, yon dat kote tout sektè alawonnbadè ta dwe chita ansanm pou reflechi sou lavni peyi dayiti; yon dat tou kote tout moun kèlke swa nivo kwayans li, ta dwe pran wout legliz pou lapriyè Bondye lavi a, answit rann yo nan simityè pou sila yo ki katolik al priye sou tonm paran viktim yo e depoze jèb flè.
12 Janv 2010 sa a ki toujou kite yon move gou nan bouch chak grenn ayisyen, kòmanse bliye nan tiwa otorite peyi Dayiti paske jounen Madi 12 Janv 2021saa ,11 lane aprè , pa raple nou toutbonvre te gen yon evènman katastwòfik ki te pase nan peyi Dayiti. Sa vle di tout aktivite tankou lekòl, komès ak transpò sanse fonksyone nòmalman, toujou selon
prezidan sektè vodou a, Hervé Germain ki t ap kesyone wòl ministè Edikasyon Nasyonal nan yon parèy sikonstsans.
Saint Jean Wiskis






