Ou kwè se vre, pitit sekretè jeneral RDNP a t’a fè kidnapping ou byen viktim de yon kidnapping?

01/31/21
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Anpil bwàs ak nyàj pa sispan anvayi rezo sosyàl yo sou evènman kidnapping ki t’a mete an kesyon youn nan pitit gason sekretè jeneral RDNP a, Eric Jean-Baptiste yè samdi 30 janvye 2021 an nan Pòtoprens.
Tanto enfo yo ta vle fè eta yon zak kidnapping ke Ritchy Jean Baptiste ki se youn nan pitit gason leader a ki ta komèt zak malonèt la; lòt sous vwale vle fè kwè se te yon tantativ pou kidnape Ritchy. Daprè sa ke moun kapab wè ki ekri sou paj Twitter leader Rassemblement des Démocrates Nationaux et progressistes (RDNP), Éric Jean Baptiste konfime ke se pitit li okontrè ke yo manke kidnape.

Sepandan, yon seri enfo ki mete piblik la nan konfuzyon total kapital; alòske pèp souvren te riske pase alenfinitif swadizan presume kidnapè a ki te trouve li anndan komisarya Tomasen 25 lan, yon banlye nan kapital la. Tèz ak manti yo pa piti! Sepandan, pandan ke Pè Letènèl te antre al pran petit gason li ke yo di ki te refujye anndan pòs polis la, te genyen anpil menas nan perimèt la pou ensandye espas la sou pretèks lapolis pa vle livre foul la kidnapè a ke anpil moun estime ki pa lòt moun sinon ke pitit “homme d’affaire” a, Ritchy Jean Baptiste.
Yon lòt konfuzyon ki pi rèd e ki ta sanble li san filtè, se deklarasyon yon chofè taksi moto ki ta deklare ke se depi Bizoton ke yo t’ap bay kontwòl machinn kidnapè, ki pa lòt machin sinon ke machin Ritchy. Antouka, pandan nyàj kontinye ap miltipliye sou zak sankwen ki pase nan sosyete ayisyèn sou “kidnapè ak kidnape”, lapolis ak lajistis gen pou devwa bay lepèp yon ti limyè souple!






