Serge Gilles, yon mapou referans demokratik pran devan

02/02/21
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Aprè Anthony Barbier, se tou pa Serge Gilles, ansyen konbatan bò kote yon revolusyonè referans entènasyonal, Che Guevara, kandida prezidansyèl 1986, pwofesè, inisyatè konsèp Dyalòg Nasyonal la, mouri lendi swa vè 10:00 nan lopital Kanapevè nan Pòtoprens, daprè yon gro potanta Pati politik “Fuzyon” ke defen an fonde ki t’ap entèvni nan radyo.
Serge Gilles pran nesans nan Mayisad. Se te yon moun espesyàl e yon referans pou demokrasi ayisyèn nan. Li te antre nan batay demokratik la ase jèn e pase anpil tan nan ekzil notamman: Kanada, Lafrans e Kiba yon kote li pase 25 lane. Nan yon premye tan, Gilles te deside pran zam pou defann sa yo ki oprime ou eksplwate; sepandan, vinn trouve li chanje fizi li atravè dyalòg nasyonal kòm yon modere.
Mapou Serge se te yon ko-konbatan politik pou Victor Benoit, René Théodor, Gérard Pierre Charles ak Anthony Barbier, sosyològ chevrone kit e deja pran devan, sa gen mwen pase 5 jou. Vi ou pakou politik Serge Gilles ilimite e ap rete imòtalize. Li mouri nan laj 86 lane.
Kondòleyans a fanmiy li ansanm ak madanm li Alberte Sorel madanm li ak 3 pitit fi ke li kite dèyè. Nou swete Serge bon travèse!






