Institution Notre Dame du Perpétuel Secours: Lansman 1e Edisyon Konkou Chante sou Anviwònman sou tèm:” Plante e Pwoteje Anviwònman nou”

98
0
Share:
TRiboLAND

02/10/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se nan journen vandredi 5 fevriye 2021 Institution Notre Dame du Perpétuel Secours nan Pòdpè te lanse 1e Edisyon Konkou Chante sou Anviwònman sou tèm :” Plante e Pwoteje Anviwònman nou”.

Direktris enstitisyon an ki Sr Charles Marie Chantal te fè bat bouch ak TRiboLAND sou objektif jounen an ak divès aktivite sa yo. Selon Sr Charles, “Yon parèy konkou arive lanse nan kad sansibilize elèv, pwofesè nan lekòl la, paran yo ansanm ak tout moun k ap viv nan kominote a pou yo kapab pran swen Anviwònman kote y’ap viv la. Toujou selon Sr Chantal ,nou responsab Anviwònman an ansuit lavi fondamantalman mare avèk li.

Direktris la rapousuiv pou l di konkou saa, se yon konpetisyon ki te gen ladan’l 3 faz:
1) Konkou ant elèv yo menm (entèklas), se yon fason pou pèmèt elèv yo kenbe sal klas yo, lakou lekòl la toujou pwòp atravè chante yo t ap chante yo.
2) Se pou elèv ki nan nivo segondè. Yon parèy fòma pote non “Mis Anviwònman”. Yo menm tou, yo te konpoze chante answit yo gen pou yo prepare yon ti pwojè sou anviwònman pou lekòl la.
3) Se konsènan pwofesè yo ak paran yo sitou sila yo ki fè pati komite lekòl la. Yo menm tou, yo te konpoze yon powèm oswa yon tèks answit yo gen pou yo reyalize yon pwojè sou anviwònman nan benefis etablisman lekòl la.

Rezilta konkou a prevwa pibliye jou k ap “Fèt Anviwònman”. Lè sa a, chak elèv, pwofesè, paran ki te patisipe nan konkou ap gen pou resevwa yon prim. Se poutèt sa a, lekòl la kòmanse chèche esponnsò nan sans saa, Alatèt enstitisyon an.

Sr Chantal boukle ti bat bouch la ak yon mesaj li te adrese: ” Anviwònman an, se zafè nou tout. Sa vle di, se mwen menm, se ou menm, setout moun alawonnbadè ki pou fè yon sèl tèt kole pou n rive sove l, yon mannyè pou n ka toujou rete anbòn sante.

Saint Jean Wiskis



Share: