Etazini deklare ke li etone wè zàk otoritè ak anti-demokratik rejim PHTK a nan dènye jou sa yo

02/17/2021
Wachentonn_____(TRiboLAND) Nan moman ke li t’ap pale sou peyi Dayiti, Sekretè Adjwen an atandan pou Biwo Afè emisferik e oksidantal Depatman Deta Etazini, Julie Chung rete kwè ke tout aki demokratik dwe respekte e kapab negosye.
Peyi Etazini trè pwewokipe osijè dènye evenman yo ki sot pase anndan peyi Dayiti, daprè Chung ki di ke, “Mwen trè alame parapò ak dènye zàk antidemokratik otorite yo; kòmanse aprè ke yo te fin voye nan kape lwen Jij Kou Suprèm yo, rive jous nan bwitalite kont jounalis”, daprè yon tweet bò kote Sekretè Adjwen an natandan an.
“Peyi Etazini pap rete ap gade e fèmen bouch li lòske yon seri enstitisyon demonkratik ak sosyete sivil ap maltrete e kraze. Nou kondane tout tantativ ki vize pouk raze demokrasi ak vyolans, anlèvman libète sivik ak zàk entimidasyon ak represiv”, daprè Chung ki t’ap depoze.
Yon lòt fwa ankò, Etazini rete kwè ke wout eleksyon konvenableman se mèyè opòtunite nan yon demokrasi. Chung egzòte tout pati konsène yo pou yo bay dèyè yo 2 tap nan angaje yo nan òganize eleksyon lejislativ san pèdi tan.

Sepandan, Chung pa fè eta kalite anviwonnman politik la ki pa fezab pou eleksyon; sitou lè ou konnen ki sa ansyen rejim PHTK a deja prepare antèm: asnal zàm, gang, kàt Dèmalòg, divès kò paramilitè, masiv entimidasyon pou favorize nenpòt ki eleksyon anfavè PHTK ou Bouclier. Anplis, pou sa popilasyon ayisyèn nan ap pran la san eleksyon; e lè eleksyon menm se pa pale?
Anplis, kòman pou yon moun imajine patisipe nan yon eleksyon ak yon rejim kòwonpi ou kriminèl ke manda’l fini e ki pat onèt pandan tout dure manda’l la.






