Sèktè pwotestan an nan peyi Dayiti pwojte yon mobilizasyon pasifik kont diktatè pou 28 fevriye 2021 pwochen

90
0
Share:
TRiboLAND

02/17/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan tèt kole avèk divès òganizasyon nan sosyete sivil la, nouvo Komisyon Pwotestant Kont Diktatè an Ayiti (CPCDH) deja pwograme pou yon gwo mobilizasyon pasifik 28 fevriye 2021 an.

Daprè youn nan alatè òganizasyon sèktè pwotestan an ki enplike ra gagann nan yon parèy inisyativ, pastè Ernst Pierre Vincent, prezidan konferans pastè ayisyen yo (COPAH), gen gwo diskisyon ant diferan sèktè tankou dwa zumen. sendika, pwofesyonèl ak anpil lòt òganizasyon relijyez yon fason pou bay jarèt ak yon parèy mouvman mobilizasyon e kontrekare plan diktatè Jovenel Moise la.

Yon parèy mobilizasyon antre nan kàd voye yon sinyàl klè bay zòt sou respè Manman Lwa Peyi a, Etadedwa ak demokrasi, daprè prezidan konferans pastè ayisyen yo, pastè Ernst Pierre Vincent ki deklare ke sèktè pwotestan an kontinye demere fidèl nan pozisyon li fas ak manda ansyen prezidan Jovenel Moise ki ekspire depi 7 fevriye 2021, daprè atik 134-2 nan konstitisyon peyi a. E sa ki pi grav, Jovenel kontinye ap poze zàk grav ki vize demantle otonomi majistrati ak pouvwa judisyè a kote ke li revoke, ranplase ou rache separe jij nan Lakou Kasasyon.

Sèktè pwotestan an di ke li pa konprann ki sa Jovenel Moise ap regle nan palè nasyon an toujou, alòske manda’l fini depi 7 fevriye 2021.

Share: