Sid: yon gwoup chofè taksi menase okipe beton an pou fòse otorite anplas yon mete yon bout nan yon ansanm pwojè

02/23/21
Okay____(TRiboLAND) Sitwayen sa yo ki plis okipe yo nan zafè taksi nan vil Okay, depatman sid peyi Dayiti, atire atansyon ekip ki sou pouvwa a sou yon dividal pwojè ki te kòmanse atravè depatman e ki pako janm rive nan bout yo.
Chofè sa yo deklare ansyen prezidan Jovenel Moïse te fè yo kwè se palmantè yo ki te konn mete baton nan wou li ki anpeche l rive reyalize ansanm pwomès li te fè Site Antoine Simon an pandan kanpay elektoral li an.
Menmsi chofè taksi sa yo parèt divize sou finisman manda Jovenel Moïse nan tèt peyi a, fè konnen yo menm tou yo gen pou pran beton an pou egzije otorite yo nan pouvwa a mete yon bout nan yon ansanm pwojè tankou konstriksyyon Èpòt la ak pò pou pèmèt debakmam machandiz yo k ap soti nan peyi lòdbòdlo ak nan rès peyi a.
Li enpòtan poun raple, van divizyon k ap souple sou manm opozisyon an nan 3e vil peyi an, gen gwo konsekans sou mobilizasyon an pou rive fè Jovenel Moïse respekte atik 134.2 Konstitisyon 1987 la.
Saint Jean Wiskis






