PNH konfime Anel Joseph finalman evade yon lòt fwa ankò

100
0
Share:
TRiboLAND

02/26/21

Kwà Dèboukè______(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou yon radyo nan kapital sou deblozaj evazyon prizon sivil Kwà Dèboukè a, jedi 25 fevriye 2021 an, enspektè divizyonè Gary Desrosiers, Pòt pawòl PNH la konfime evazyon Anel Joseph, pi gro chèf gang sangwen peyi Dayiti a.

Selon Gary Desrosiers, genyen plis ke 40 prizonye ki te tante pran lyann pou yo, pami yo ou jwen chèf gang Village de Dieu a ki sove avèk yon gro kalib. Jiska prezan swadizan otorite ki di y’ap bay sekirite yo poko kapab bay klèman detay sou efektif prizonye yo ki gaye nan lanati.

Anpil prizonye tonbe ak ajan sekirite nan prizon an t’a tonbe, pami yo majòjon prizon an, Paul Joseph Hector arive pran yon bal nan tèt. Antouka, jan sa toujou fèt, ankèt yo ap rapouswiv sou evazyon sa, pou anpil moun ki ta sanble yon veritab teyàt sispèk ki ta favorize yon seri gro chèf gang lage pye yo. Selon enfòmasyon ke TRiboLAND pa kapab verifye, yon seri gro chèf gang sangwen tankou: Yonyon, Ti Papi, Sevère, Koulikou e latriye t’a sanble chape poul yo egalman.

N’ap raple, se pa premye fwa chèf gang Anel Joseph ki se yon alye pouvwa PHTK a ki efondre Ayiti, evade nan prizon.

Share: