Direktè Office National d’Assurance Viellesse (ONA), Chesnel Pierre bay planèt la do

05/22/2021
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Chesnel Pierre ki se direktè Office National d’Assurance Viellesse (ONA) travèse pou yon lòt monn yèswa vandredi 21 me 2021 an.
Enfòmasyon ki soti nan sous familyàl ta fè eta de yon seri malèz malmakak ki te oblije yo kouri bwit sou kou lopital avèk avoka a ki ta pràl jwen lanmò li kèk tan apwè. Sepandan, ta sanble koz lanmò direktè a genyen anpil nyàj akote’l ki pa ta ekate posiblite kowonaviris.
Ke nam defen an repoze nan lapè!






