Peyi Nòvèj gen pou delivwe 452,000 dòz vaksen kowonaviris bay Ayiti, Nikaragwa ak Ouganda

111
0
Share:
TRiboLAND

06/25/2021

Oslo______(TRiboLAND) Anpil peyi pa sispan pran lanm ak kowonaviris la. Genyen nan yo ki menm sou twazyèm rakle alòske gen lòt se se dezas total kapital e yo ap fè fas ak gwo pwoblèm vaksen. Konsa, “pou kontinye sove plis lavi, peyi ki pi rich yo dwe koulya pataje vaksen yo,” dapwè Minis Dag-Inge Ulstein pou Èd ak Developman peyi Nòvèj.

Peyi Syèd ki te pwete vaksen nan men peyi Nòvèj nan kòmansman ane a, retounen plis pase 200,000 dòz vaksen AstraZeneca. Nòvèj pa konte itilize rès vaksen sa yo. Li deside delivwe 452,000 dòz vaksen AstraZeneca pou kowonaviris bay Ayiti, Nikawàgwà ak Ouganda atravè pwogram Covax la.

Nan kad kolaborasyon ak mouvman Covax la, peyi Fwans ak Syèd fè yon tèt kole pou asiste nan efò lonje lamen bay peyi pòv yo kap pran lanm ou sakad ak kowonaviris la.

“Nòvèj ap gen pou pataje yon dòz vaksen pou chak moun, e nou espere pou nou ta genyen plis bèl nouvèl sou vaksen pandan sezon ete a. Yon latriye peyi te pwomèt anpil dòz vaksen, sepandan se sèl lè travayè sante ak pèp malere nan peyi defavorize sa yo genyen vaksen yo nan men yo, ou kapab di ke yo kenbe pwomès yo”, dapwè Dag-Inge Ulstein.

Nap raple, nan mwa me 2021 an, peyi Nòvèj te rejte vaksen AstraZeneca a nan pwogram nasyonal vaksinasyon li akoz okazyonèl ak grav pwoblèm koragilasyon sangèn.

Share: