Yon foul moun imans envèsti lari Pòdpè pou mande jistis pou pwesidan Jovenel Moise

104
0
Share:
TRiboLAND

07/16/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Yon foul imans pran lari a travè yon mach pasifik nan vil Pòdpè jodi vandredi 16 jwiyè 2021 an,  pou rann omaj e mande jistis pou pwezidan Jovenel Moise.

Mach sila ki kenyen yon pòte pasifik ak suplikasyon te demare nan antre vil site Kapwà Lamò a tout swit apwè yon seremoni “San vèse”. Se te plizyè milye zanmi senpatizan ki te kwè ki sa Jovenel Moise te repwezante pou yo nan Nòdwès ki te pran lari ak balènn, fèy bwà e pankat nan men ap swiv ak dlo nan je yon pickup ble ki te genyen sou tèt li yon pye bannan ak tout rejim ladan l.

Se yon veritab foul moun ki te abiye an nwà e blan. Anpil nan yo pat kache konstènasyon yo ak tristès yo; yo toujou nan yon eta emosyonèl pou konpran dràm sa ki rive peyi a, patikilyèman Nòdwès ke anpil gouvènman toujou konplètman inyore menm nan dòmi. “Se yon gwo kou pou Nòdwès e nou pa gen bouch pou nou pale”, dapwè Mamoune, yon jènn fi ki pat ka kenbe dlo nan moman mach la tap pran direksyon Plàs Dàm nan site Kapwà Lamò a, kote ke yon gwo seremoni senbolik devan Katedral Imakile Konsepsyon an ta pwàl dewoule pou lage koz la devan manman Imakile. Moun te kapab remake yon bouke flè tout kalite ak kouwònn te depoze devan yon gwo foto pwezidan defakto Jovenel Moise nan mitan yon konsè kriye dlo nan je.

Se pwèske tou kouch sosyàl ki te oblije pran lari pou degaje tristès yo fas a k yon parèy dràm pwzidansyèl. Fòk nou sinyale, pwèske nan tout pakou mach pasifik sa, popilasyon an te pwofite ap mande arestasyon Réginald Boulos kòm antite ki responsab asasinasyon Jovenel Moise.

Alòske Delege Wesly Dordoille pat ezite lonje dwàt jouda sou yon sèktè nan boujwàzi sankwen an ki finanse mèsenè kolonbyen pou asasine Jovenel Moise. Delege a deklare nan mikwo Radio Télé Éclair ke “rèv pwezidan an ap kontinye. Jovenel Moise te deja montre nou nan Nòdwès ki gwoup moun ki ènnmi nou”.

Share: