Ansyèn pwemyè dàm, Martine Moise apèn rive nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

100
0
Share:
TRiboLAND

07/17/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Deran dlo, ponyèt dwàt bandaje, anpil emosyon, abiye an nwà e akoste ak sekirite rapwoche, zanmi politisyen e latriye, Martine Moise, ansyèn pwemyè dàm repiblik la apèn mete pye sou pis aterisaj ayewopò Toussaint Louverture (AITL) a jodi samdi 17 jwiyè 2021 an nan yon jet pwive.

Jan pwemye minis pou ti bout tan an te anonse, Martine Moise retounen nan peyi Dayiti pou antere mari li, ansyen pwezidan Jovenel Moise ke yon gwoup mèsenè kolonbyen asosye ak ayisyen te asasine lakay li mèkredi 7 jwiyè 2021 nan Pèleren 5, nan Pòtopwens. Martine, nan moman atak la te griyèvman blese anba bàl malfektè yo, e li te oblije bwit sou kou antre nan peyi Etazini pou al pran swen medikal nan yon lopital nan eta Florid.

Antouka, ansyèn dàm nan retounen sou tèritwà krim nan, nan kàd pweparatif funeray nasyonal Jovenel Moise ki genyen pou chante nan Okap Ayisyen, vandredi kap 23 jwiyè 2021. Se te pwemye minis anatandan an, Claude Joseph ki te al akeyi ansyèn pwemyè dàm nan, Martine Moise.

Share: