PM Ariel Henry : “Eleksyon se pasaj oblije pou moun ki vle pwezidan peyi a”

08/03/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan entèvansyon li nan emisyon “Haiti débat” sou Scoop FM, nouvo pwemye minis Ariel Henry mete anfàs sou nesesite eleksyon pwezidansyèl, lejislatif ak lokal yo pou ane sila.
Pwemye minis Henry, ke anpil moun estime ki nan tèt yon gouvènman fantòm, deklare ke se tande ke li tande menm jan ak tout moun rumè osijè pwezidan ti miyèt sena a, Joseph Lambert ak Edgar Leblanc Fils kap laloz pou fotèy pwezidansyèl la.
Doktè Henry, yon lòt fwà ankò fè li klè pou tout moun, “eleksyon se pasaj oblije pou moun ki vle rive pwezidan peyi a”, yon fason pou arive debweye sosyete ayisyèn nan.






