Tanpèt twopikal “Grace” lonje dwàt jouda sou Ayiti

103
0
Share:
TRiboLAND

08/14/2021

(TRiboLAND) Selon dènye bilten enf`omasyon metewolojik yo pou maten samdi 14 out 2021 an, tanpèt twopikal “Grace” twouve li a 15,8 degre Nò latitid e 55,6 degre Wès lonjitid. “Grace” manifeste yon demakaj kadanse nan direksyon Lwès a 35 km / lè. Se yon mouvman ki ap pwogresivman rakousi vitès deplasman Grace nan pwochen jou yo.

Antouka, pwevizyon yo montre ke tanpèt Grace ap genyen pou deplase apati zile “Sous-le-Vent” aswè a, sou zile “Vierges” ak “Porto Rico” dimanch, Repiblik Dominikèn lendi e ap pase men sou Ayiti nan fen jounen oubyen nan lanwit madi.

Ekspè yo estime ke Grace genyen yon pwesyon van ki pwèske a 65 km / lè e li aktiyalize yon seri rafal van tèt chaje; konsa, sa pwàl kreye plis aktivite nan pwochen jou yo.

Share: