Lapolis mete men pat kasav gwo chèf gang Ti Grèg ak 2 lòt reselè

10/07/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Lapolis nasyonal mete men nan kòlèt yo gwo tonton chèf gang sangwen ki pote non Ti Grèg ak 2 lòt bandi reselè apwè midi jedi 7 oktòb 2021 an nan Delma 95, kote ke yo tap simen laterè avèk dèy.
Otorite yo lonje dwàt jouda sou Ti Grèg dèske li ta sanble dèyè fiziyàd ki pase yè madi 5 oktòb la nan Petyonvil toupwe Legliz Don Bosco a; kote ke 2 moun te krible anba bal, yon latriye lòt te blese gravman grav, ak yon machinn te ensandye nan moman te genyen yon katafal gwo kout zam ki te mete komin Petyonvil an cowboy ak an boulatcha.






