Yon ventèn je enkoni anba entèwogasyon nan Sen Mak

79
0
Share:
TRiboLAND

10/07/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Polis nasyonal la mete anba kòd yon ventèn endividi nan zòn Pòtay Monwi, Sen Mak madi 6 oktòb 2021 an.

Nan yon operasyon marasa ant lapolis ak lajistis, plizyè endividi jwen arestasyon yo e entèpele apwè ke rumè ta lèse konpwan ke bandi gwoup gang sangwen “400 Mawozo” ap layite kò yo nan Sen Mak yon fason pou ta etabli latwoublay nan site Nissage Saget a.

Konsa, annatandan gwoup endividi sa yo pwezante devan jij naturèl yo, komisè gouvènman an nan Sen Mak, Mèt Moise Déristin deklare ke li detèmine pou travay nan tèt kole ak ajan PNH yo yon fason pou pa kite oken je enkoni vin simen laterè ak pichon nan espas ke lap kontwole a.

Share: