Senlwi Dinò : Popilasyon 4èm seksyon poze la pat sou yon pwezume asasen chèf gang

98
0
Share:
TRiboLAND

10/12/2021

Senlwi Dinò_____(TRiboLAND) Lendi 11 oktòb nan lannwit, popilasyon nan 4èm seksyon Senlwi Dinò poze lapat nan kòlèt yon pwezume asasen ki pote non Anthony Blanc.

Anthony Blanc fè pale de li anpil nan zak asasinay pou voye moun nan peyi san chapo. Li se yon manm aktif gwoup defen chèf gang Levelt kap dirije koulya sou kòmandman Zael. Yon bon valè moun lonje dwèt jouda sou Blanc ki ta sanble responsab yon latriye krim nan plizyè rejyon avwazinant komin Senlwi Dinò.

Blanc te pwezan nan masak Mèchen an, kote ke plizyè moun te asasine san konte yon latriye kay ki te bwile. Anthony Blanc se te lotè asasinay Venise Isema, kote ke Blanc te rache yon kochon depoze sou kadav dàm sa e mete dife. Anthony Blanc se yon kriminèl gran kalib; li te touye ak pwòp men li anba kout koulin yon jèn pwofesè; malgre viktim nan te kondisip chèf gwoup gang lan nan lekòl pwesbiteral Janklè.

Nap raple, 8 jou apwè krim jèn pwofesè a, bandi sangwen yo retounen nan sèn krim nan; fwa sa yo mete plis dife nan plis kay. Se bon pye yon pakèt malere, ki fè yo pat gentan mete dife sou yo.

Anthony Blanc ke lajisti tap chèche tankou chyen fou, twouve li koulya dèyè kat miray ap reflechi nan komisarya Senlwi Dinò a.

Share: