Lapolis mete an difikilte 3 bandi sangwen apwè yo krible anba bàl yon sitwàyen ki rele Maxime nan Karade

96
0
Share:
TRiboLAND

10/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Gwo kout zàm chante e kreye panik janm tranble nan zòn Karade apwè lapolis tap pouswiv 3 bandi sou moto ki touye yon sèten Maxime ki se pwopwiyetè yon biznis “Put Blain”.

Bandi yo te mete van nan vwèl yo osito yo te fini egzekite viktim nan. Konsa, yon bon pwochyen sou moto te mete avèk lapolis pou pouswiv san pèdi tan asasen yo. Echanj kout zàm ak bandi sangwen yo fè kenken; yon bandi arive tonbe e 2 lòt antre san onè anndan yon kay.

Echanj kout fiziye te kreye anpil van panik tranble janm nan zòn Karade apwè midi jedi 14 oktòb 2021 an; alòske popilasyon an te deja kanpe sou bit woulo konpwesè ap veye anwo ak anba yon fason pou poze lapat sou bandi yo ki kache nan yon basen anndan yon kay nan zòn Karade.

Photo : Dieu Nalio Chery

Share: