Bandi sangwen ki pa idantifyàb kidnape yon direktris yon sikisal Unibank

110
0
Share:
TRiboLAND

10/15/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ame anlve yon direktris sikisal Unibank yè jedi apwe midi 14 oktòb la, ki pote non Marie Claude Jean Louis.

Kidnapè san sal yo,  kidnape viktim nan ansanm ak tout machin li san difikilte. Fanmiy Marie Claude ki pa konnen ki sen pou li rele poko jiska pwezan resevwà kout fil sangwen yo sou kondisyon liberasyon direktris la.

Nap sinyale yon bon valè òganizasyon leve vwà yo non sèlman pou denonse otorite initil ak sankoutcha nan lapolis la ak gouvènman Ariel Henry la ki kontinye nan tete lang ak gang yo ki detèmine fè kidnapping peyi a pat janm imajine wè, swà yon ka kidnapping chak trant minit nan kapital la. Konsa, yo anvizaje fèmen peyi a ak yon seri grèv nan nivo transpòtasyon ki pou egzije otorite sispann fè jwèt manje tè ak peyi a nan nivo sekirite.

Share: