Sèktè patwon yo mande yon Pwemye minis Ariel Henry yo deba sou sitiyasyon peyi a

10/202021
Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan yon lèt ke li adrese bay Pwemy minis Ariel Henry ki date 18 oktòb 2021, yon latriye asosyasyon tankou ADIH, CCI, AmCham Haiti ak Asosyasyon Touristik Dayiti deklare ke yo pa ka konpran twà mwà apwè asasinay pwezidan Jovenel Moise la; malgre divès chita tande ke yo fè avèk gouvènman an, jiska pwezan nad marinad sitiyasyon an kontinye ap deteryore pli ke jamè.
Konsa, patwon yo estime ke yo po ko janm wè yon sitiyasyon parèy tankou: dap piyanp sou byen ak sou moun sou tèritwà a, efondreman ekonomi a, ratman gaz rasi, kidnapping san parèy, ensekirite galopant, ensekirite jeneralize, absans total gouvènabilite se pami gwo pwen kap fè pati diskisyon yo; manm nou yo ak tout sitwàyen yo ap mande esplikasyon”, dapwè nòt patwon yo.
Patwon yo ki di ke yap defann enterè manm li yo ak sèktè aktivite yo, envite Ariel Henry pote kole avèk yo nan deside antame yon “dyalòg onèt, pwodiktif e san fòs kote nan yon fòma reyinyon-deba” ant kontribyàb, asosyasyon ak chèf gouvènman an. Konsa, patwon yo mande Pwemye minis Ariel Henry mete li an eta disponiblite e konfime patisipasyon li nan yon parèy chita tande.






