Pakè tribinal Pòtopwens lan ta renmen izole ou bloke bandi sangwen yo sou rezo sosyàl yo

101
0
Share:
TRiboLAND

10/28/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman ap fè bwàs pou arive voye nan kanpe lwen ou bloke kont yon seri chèf gang ak malfektè tankou : Jimmy Cherisier, alyàs “Barbecue”, Robert Dorisca ak John Busta ki fè tantativ asasina sou lavi manm gouvènman Ariel Henry a.

Konsa, komisè Pòtopwens lan, Farntz Louis Juste adrese yon lèt bay tout responsab platfòm numerik yo e solisite blokaj sistematik kont chèf gang yo ki sou Facebook, Youtube, Instagram, ak Twitter. Se yon seri poulen kriminèl swa dizan lapolis ap chèche tankou chyen fou; bandi sa yo itilize medya sosyal yo yon fason pou teworize popilasyon ayisyènn nan, dapwè responsab pakè a.

Nap raple, lajistis pa sispan lage manda pote vini dèyè “Barbecue”, ki pa sispan kraze bwize anba grenn je otorite vwayou ki pa bouke pase moun popilasyon an anba rizib. Jimmy Cherisier ak John Busta se pami yon seri chèf gang ki te fòse 17 oktòb dènye Pwemye minis Ariel Henry vole gagè nan Pon Wouj alokazyon anivèsè lanmò Papa Nasyon Ayisyènn nan, Anperè Jean Jacques Dessalines.

Share: