2 pami 17 misyonè ameriken ak kanadyen ki te anba men gang 400 Mawozo yo libere

11/21/2021
Ohio, Etazini_______(TRiboLAND) 2 pami 17 misyonè kidnapè ameriken ak kanadyen yo jwenn liberasyon yo jodi dimanch 21 novanm 2021 an, dapwè yon òganizasyon kretyèn ki baze nan eta Ohio.
Christian Aid Ministries deklare ke yo pa kapab devwale ou pibliye non otaj libere yo, ni bay rezon ki fè yo libere e ki kote yo te relache yo. Se pwèske blackout nèt al kole sou yon seri enfòmasyon. Sepandan nou an mezi pou nou di ke 2 otaj libere yo an sekirite, yap pran swenyàj e moral yo byen djanm, dapwè nòt òganizasyon kretyèn nan mete deyò.
Konsa, sous Christian Aid Ministries a kontinye ap mande lapwiyè pou liberasyon rès otaj yo ki desann jounen jodia a 15 ki anba men gwoup gang sangwen 400 Mawozo depi mwa oktòb 2021 dènye nan peyi Dayiti. “Kontinye pwezante otaj yo devan Granmèt la selon Sòm 145 : 3”, jan moun te ka remake sou paj website Christian Aid Ministries a ki poste jodi dimanch 21 novanm 2021 an vè 12: 15 p.m.






