Bandi sangwen kidnape yon lòt fwà ankò yon bis Pòdpè avèk 15 pasajè

119
0
Share:
TRiboLAND

11/23/2021

Basen Ble, Nòdwès______(TRiboLAND) Bandi sangwen kidnape yon bis Pòdpè ki asure trajè Pòdpè – Pòtopwens avèk 15 pasajè bonè maten madi 23 novanm 2021 an ant komin Basen Ble avèk Gwo Mòn, zòn limitwòf depatman Nòdwès avèk depatman Latibonit.

Selon temwen okilè ki arive chape pou l yo, otobis Winedia te anba atak nèg ak zàm nan moman yo tap pike tèt monte pou antre Gwo Mòn. “Se te konstènasyon “manu militari” pou tout pasajè ki te gen divès zàm bwàke sou yo”,  dapwè sa youn nan 3 pasajè ki sove yo tap konfye TRiboLAND.

Nap raple, bandi sangwen achte zònn Basen Ble ak Gwo Mòn lajan kontan; sa fè yon nyèm fwa ke malere pasajè twouve yo anba men sangwen ki pa sispann montre enkapasite ou kretinism otorite PNH yo ki tou senpleman pran yon malen plezi pou pouse do bandi nan tou 2 depatman an.

Share: