Apwè plizyè ane dèyè bawo, ansyen depute Arnel Bélizaire jwen liberasyon l

11/29/2021
Pòtopwens____(TRiboLAND) Kou Dapèl Pòtopwens deside jodi lendi 29 novanm 2021 an libere ansyen depute Arnel Bélizaire ansanm ak plizyè lòt pwizonye politik sou gouvènman ansyen pwezidan Jovenel Moise la.
Se yon liberasyon ki arive fèt apwè yon latriye rale mennen vini ak jwèt woule m 2 bò dapwè ekip legal ki tap blede kòz ansyen depute Delma – Tabar a ki pase plizyè ane enkasere nan Penitansye nasyonal.
Arnel Bélizaire, ki jounen jodia jwen liberasyon li selon konfimasyon Mèt Caleb Jean-Baptiste, youn pami avoka madre kalifye yon parèy liberasyon kòm yon viktwà lalwà sou zak abitrè ak illegal.
Ansyen palmantè a pa soti pou kò l. Plizyè lòt pwizonye tankou Garry Philémon, Killick Cemelus Pierre e latriye benefisye egalman ti moso lagràs anba desizyon lajistis la.






