KOMINIKE POU LAPRES : Lansman Ofisyèl pwojè USAID pou Rezilyans Avansman sektè Agrikòl Ayiti

95
0
Share:
TRiboLAND

KOMINIKE POU LAPRES

Ambasad Peyi Etazini Damerik
Biwo Afè Piblik


Tabarre 41, Boulevard 15 octobre
Port-au-Prince, Haïti
Tél: 2229-8351 / 2229-8903


Nan dat 9 desanm 2021
No. 2021/ 28

Pou Pibliye Kounye a

Lansman Ofisyèl pwojè USAID pou Rezilyans
ak Avansman sektè Agrikòl Ayiti

[Pòtòprens] – Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la (USAID) ap anonse lansman ofisyèl pwojè pou Rezilyans ak Avansman Sektè Agrikòl Ayiti a (RASAA). Atravè plizyè aktivite RASAA pral fè, pwojè a vize ede plis pase 25 000 agrikiltè riral Ayisyen, nan mete aksan sou gwoup yo mete akote yo tankom fanm ak jèn; nan fè pwomosyon pou envestisman prive nan sektè agrikòl la; agrandi posibilite sibzistans ak aktif fanmiy yo; epi ranfòse enstitisyon kominòtè yo pou yo ka byen jere resous ki enpòtan yo.

Chaje d’Afè ameriken an Kenneth Merten remake: “Nouvo pwojè agrikòl sila montre yon lòt fwa jan gouvènman ameriken an kwe nan avansman sektè a pou yon Ayiti vivab ekonomikman. Mwen pa ka tann poum we reyalizasyon pwojè sila”

RASAA se yon pwojè modèl pou Ayiti USAID finanse nan kad inisyativ prezidansyèl ki gen pou objektif konbat grangou ak ensekirite alimentè nan mond la ki rele Feed the Future. Se Devlopman Altènativ Inc. (LLC) ki pral reyalize pwojè sa nan tèt ansanm ak kek enstitisyon ayisyèn, tankom Agridev S.A, Papyrus S.A ak Inivèsite Kiskeya.

Nan 5 lane kap vini la yo, RASAA vize enplike tout sektè aktiv yo – soti nan agrikiltè rive nan konsomatè- pou ranfòse mache agrikòl Ayiti a. Nan mete aksan sou rezilyans, pwojè sila pral aplike yon lòt apwòch pou amelyore pwodiksyon, pwodiktivite, tranzaksyon mache yo ak opòtinite envestisman pou moun, fanmiy yo ak kominote yo. Pwojè a pral travay ak 32 komin nan peyi a- 10 komin nan Nò, 9 komin nan Nòdwès, 3 komin nan Plato santral, ak 10 komin nan Sid.

Direktè pwojè RASAA a, Allen Tuner, di konsa: Ekip la ak patnè DAI yo komanse travay ak anpil motivasyon sou aktivite sila a ki chita sou dizèn lane evestisman USAID fè deja nan sektè agrikòl Ayiti a. Nou pa ka tann pou nou angage sou tout pwen aktè lokal yo nan kek paternarya enklizif epi dirab pou kreye yon avni ki pi rezilyan epi pwospè pou tout ayisyen, sitou popilasyon ki pi vilnerab yo.”

RASAA pral aplike yon lòt apwoch devlopman pou yon sistèm mache ki fasilite tranzasyon sila yo. Nan plas yon sipò direk ak agrikilitè yo, pwojè a pral travay avèk epi atravè aktè lokal yo tankou antrepriz prive ayisyèn yo, tankou gwoup pwodiktè yo, enstitisyon akademik ak finansyè yo, epi òganizasyon kominotè yo. Apwòch sila pral atake kontrent ak pwoblèm ki antrave 1) efikasite sistèm mache agrikòl la, 2) angajman ak envestisman sektè prive a nan agrikilti, ak 3) entegrasyon gwoup pòv yo epi sila yo mete a kote yo nan mache fòmèl ak enfòmèl la yo.

Pou plis enfòmasyon kontakte nou nan adrès sa: hrasa@dai.com.

Direktè misiyon USAID a, Christopher Cushing declare: “USAID kontan kontinye sipòte sektè agrikòl la. Pwojè sa rekonèt li pa sifi pou travay sèlman ak agrikiltè yo. Tout aktè sistèm nan dwe travay ansanm pou asire ke agrikiltè yo gen kapasite pou yo pwodwi epi vann sou yon mache ki jis, transparan epi efikas.

Share: