Me ki sa TRiboLAND konnen osijè arestasyon 2 gwo bandi G9 yo

12/16/2021
- Nan yon operasyon ki fèt nan zòn Kazo yè madi 14 desanm 2021 an, DCPJ poze lapat sou 2 gwo bandi sangwen G9.
- Cathel Jones ak bwà dwàt li, Mahotière Angelo se 2 gwo pwezume chèf gang G9 ki PNH mete akote .
- Yo genyen gwo chèf akizasyon ki pandye sou tèt yo; tankou asasina enspektè polis Miradel Adolph.
- Yo tap feraye nan zòn Tè Nwà, komin Site Solèy.
- Ajan PNH yo arive sezi nan men sangwen yo: 2 chajè, yon fizi dappiyanp PA 15 kalib 5.56 ki se seri SDC 087119, 4 telefòn ak yon machin Nissan Xterra koulè blan ki genyen yon plak AA-15840.
- Nan poman sa, pwezume bandi yo anba men lapolis.
- Kritik pa sispann plenyen sou politik mèt dàm PNH la ki ta sanble toujou fè yon fason pou senpleman kontante yo mete men sou bandi yo e pouse do yo (se yon teknik pou pwoteje sa ki pa yo ki nan dezòd). Konsa elimine bandi yo pou tout bon, se ta sanble pa nan ADN PNH la.






