Gwo kòkennchen tyfonn “Ray”, responsab lanmò 31 moun nan Filipin

12/18/2021
Manil_______(TRiboLAND) Supè Tyfonn Rai responsab lanmò apepwè yon trantèn moun e kite dèyè yon pakèt deblosaj atravè peyi Filipin, dapwè yon responsab sant ijans jodi samdi 18 desanm 2021 an.
Konsil Nasyonal pou Amenajman ak Rediktion Risk e Dezas, fè eta de twà lòt moun ki blese akoz tanpèt malfektè a ke yo konsidere kòm youn nan tyfonn ki trè pwisan ke zòn sid peyi Filipin pa janm konnen.

Nan yon pwemye tan, responsab yo te anrejistre sèlman 4 mò. Sepandan, pèsistans rechèch yo te vin okazyone yon adisyonèl 27 lòt moun ki rejwen lis la, dapwè rapòtè Konsil Nasyonal pou Amenajman ak Rediksyon Risk e Dezas.
Tyfonn nan tap trese lèl depi yè jedi apwèmidi ak yon deplasman entans ki tèt koupe ak yon ouwagan kategori 5. Kidonk, li arive baleye plis pase 7 tèritwà pandan ke li tap layite kòl sou yon pakèt zile ki konpoze zòn solèy kouche peyi Filipin.






