Si nouvo Chanselye ayisyen an pa leve bonè, pikan kwannan Claude Joseph yo ta sanble ap fini nèt ak bwàt diplomatik yo

96
0
Share:
TRiboLAND

Claude Joseph, yon diplomat demolisè ki ta fini ak Ayiti!

Par Enel Richard

12 30/2021

Sak kap pase nan bwàt diplomatik ayisyèn yo atravè lemonn, pa genyen bouch pou pale! Anpil moun rete kwè nouvo Chanselye ayisyen an, genyen jwèt nan menm li e lap bezwen fè anpil bwàs ak kouraj pou debarase peyi Dayiti de tout yon seri dega, kòripsyon, deriv, gabji, ak salte pwedesesè li, Claude Joseph ta sanble enplemante nan diferan espas diplomatik peyi a atravè lemonn.

Li klè pou tout moun, Claude Joseph plonje diplomasi ayisyèn nan yon bafon kote petèt li pap kapab resisite ankò. Se nan plase tout vye pajiman pyon zanmitay ak fanmitay san konpetans inimajinab, ki lakòz efondreman enstitisyon diplomatik peyi a. Pou moun ki pa konnen, Claude Joseph se youn ki fè sanblan ke li tap pwomote mouvman “Jèn kore jèn”, nan voye nan kanpe lwen yon kantite senyò diplomat konpetan; e mete jèn moun nan plas yo san onè e san respè. Li evidan, jenès la bezwen retwouve li tou nan yon parèy aveni diplomatik; sepandan youn nan gwo peche ke Claude Joseph fè peyi a: se plase yon pakèt enkonpetans retay sou baz zanmitay, fanmitay pou fè kwoutay nan yon pakèt pòs diplomatik.

Pou fwape diplomasi ayisyèn nan jous nan zo, Claude, pandan rèy “bèchon jwàyez” li, ta sanble fè anpil dega: li plase Wedline Francois kòm Anbasadris nan peyi Chili alòske li plase mari dàm sa ki se yon ayisyano-kanadyen nan yon pòs nan Monreyàl, Kanada kote ke lap touche $5000 chak mwà sou do pèp ayisyen an. Tandiske, yon lòt frè Wedline ap travay kòm administratè nan bwàt diplomatik la nan Pari, peyi Lafwans.

Ayiti kontinye ap pèdi chèlbè li ak yon seri aksyon malonèt kap pase nan espas diplomatik yo; anpil nan zak sa yo ta genyen pou wè avèk anbochaj masiv Claude Joseph fè sou rèy “rache separe” ak “pa pè chay” la. Frè Wedline ki nan Pari mete anbasad Dayiti ki nan peyi Lafwans nan gwo tèt chaje. Jennonm sa, lakoz anbasad la fè yon gwo defisi. Nan sware 24 desanm 2021 an, li pran machin anbasad la e ale nan yon pwogram “bwiganday meli melo” nan yon katye delinkan nan Pari. Yon gwoup atoufè atake frè anbasadris Wedline lan, se bon pye li ki sove l! Agresè yo arive bwile machin nan ki se pwopwiyete leta ayisyen. Konsa, konpayi asirans pa asèpte kouvwi machin bwile a, paske responsab yo pat janm peye asirans pou machin nan ki imatrikile : 49 CD 77.

Kèk revelasyon ta montre ke Claude plase yon dàm makrèl nan yon pòs Orlando, Florid; alòske li plase mari dàm sa nan yon lòt pòs nan Wachennton. Li plase egalman yon koup marye ant Wachennton ak peyi Espayn. Pou Lafwans, se pa pale! Antan minis Afè Lòt Bò Dlo, Claude te twonpe vijilans Jovenel Moise e plase “mounpa” nan tout bout kwen san gade dèyè. Li totalman demantle enstitisyon diplomatik ayisyèn nan e tire yon katafal pwofi kolosal an echanj. Genyen plis pase yon 60 anplwayè nan bwàt diplomatik ayisyèn nan, nan Pari sèlman. Egzanp, sou pwezidans Jovenel Moise la, Claude gen dwà plase 20 jèn kàd, alòske li plase 80 pou tèt li sèlman yon fason pou li kapab anmase fòtin. Tout moun sa yo, ki pafwà sou 3 mwà sèlman gentan jwen pwomosyon, ap touche sou do pèp ayisyen an e yon bon valè kòb al jwen Claude Joseph.

Avèk yon konpòtman parèy, lidè lajenès la ta mete peyi a nan yon nivo kokorat ki menm chita sou yon diplomasi kap ankouraje imigrasyon klandestin. Sa vle di : anboche moun sou kouvèti diplomatik e apwè kèk tan, lage pye yo yon fason pou yo ale fè demann TPS ki kapab fasilite yo rete nan peyi tankou Etazini, dapwè yon sous ki genyen pwòch li ki enplike nan yon parèy deriv.

Yon ti bout tan apwè revokasyon li kòm PM, Claude te kouri fè yon seri nominasyon anti-dàt ak kòwonpi. Konsa, li te kouri voye yon pakèt moun pa li nan pòs. Evidans montre klèman, ke paspò moun sa yo te egzekite apwè revokasyon li.

Claude Joseph toujou vle fè moun ki pa genyen evidans yo konnen ke se imaj li moun ap sal e se vle yo pa vle wè jenès la; sepandan, evidans yo la, e leta ayisyen okouran de tout dega ak malpwopwete sa yo ansyen chanselye a koze nan enstitisyon diplomatik ayisyèn nan atravè lemonn. Si nouvo Chanselye ayisyen an, Jean Victor Généus pa leve bonè, sa ki rive enstitisyon L’ONI a, pwèske rive nan bwàt diplomatik ayisyèn yo ki pwàl kontinye tonbe nan kòripsyon ak dekonpozisyon.

Share: