Milyonè Oprah Winfrey chwazi yon Chèf Kwizin ayisyen pou dine espesyàl li pou fen ane 2021 an

96
0
Share:
TRiboLAND

01/01/2022

Oregon, Etazini______(TRiboLAND) Pandan kèk ayisyen ap neglije idantite ak valè yo, anpil etranje bay pa manke manifeste respè ak apwsiyasyon pou kilti nou, pou bèl paj istwà ke nou ekri sou planèt la pou di “NON” a esklavaj, patikilyèman admirasyon pou gastwonomi nou ki enpwesiv.

Konsa, youn nan pami fanm ki pi rich sou planèt la, youn ki ale odela de pwezantasyon nan “Pwezantatriz Selèb TV Talk Show” nan media ameriken an, yon jounalis ou kòmantatriz Gran kalbi, Oprah Winfrey te deside pou fè ane manje manje ayisyèn.

Jèn chèf kwizin ayisyen Gregory Gourdet te onore pou ofrwi envite selebwite Oprah yo, yon savè karaibeyen ak yon bouche ayisyen pou dine espesyàl fen lane 2021 an. Menu dine a, te konstitye plizyè pla ayisyen avèk konplisite yon seri engredyan òganik e lokal. Pami manje yo ou jwen: aperitif tankou akra, pikliz, chou aromatize latriye…ak “Soup Joumou Ayisyen” an, ki te manje dominan okazyon an.

Entwodiksyon gastwonomi ayisyen an nan yon parèy nivo ak yon konjonkti parèy, leve pwestij ak idantite ayisyèn nan atravè valè ak konpetans Chèf Gourdet, ki konte ouvwi yon restoran konplètman ayisyen nan Oregon kap pote non : “Cann Resto” (ki vle di Resto Canne à Sucre)

Nap raple w, “Soup Joumou Ayisyen “, ki se yon senbòl endepandans nasyon ayisyèn nan, te enskri nan lis eleman ki repwezante patrimwòn imanite, dapwè komite patrimwàn kiltirèl imateryèl UNESCO a (Organisation des Nations unies pour l’Éducation, la Science et la Culture), jedi 16 desanm 2021 pase a.

Share: