Gwo vant ajitasyon sekwe mitan tèt komin Kwa Dèboukè, patikilyèman lokalite Bonrepo maten jedi 13 janvye 2022 a.

97
0
Share:
TRiboLAND

01/13/2022

Bonrepo, Kwa Dèboukè_____(TRiboLAND) Gwo tansyon sa yo ta pral okazyone fiziyàd plizyè jèn byen bonè vè 2 : 00 nan maten devanjou.

Selon temwen okilè ak pwòch viktim yo ki abite nan zòn Bonrepo; yon moun arive mouri e 3 lòt ki te blese gravman grav anba bal endividi ame ki te sou yon machin, te oblije bwit sou kou transpòte lopital pou kondisyon vi yo ki te andanje.

Konsa, fas ak yon parèy aksyon ki revòltan, popilasyon komin nan te drese barikad flanm dife kawoutchou, machin kamyon an bandoulyè e paralize sèvis transpò sou Wout Nasyonal numewo 1 an, kòmanse nan zòn mache Seradòt rive nan kafou Sen Mak.

Gwoup bandi sangwen nan jou sa yo pa pran yon tiempo ditou ditou. Zak san pitye kontinye ap touye, kidnape ak anlve lavi sitwàyen ayisyen chak jou ki jou.

Share: