Konstriksyon lopital OFATMA nan Pòdpè preske rive nan fen istwal aprè 3 lane.

81
0
Share:
TRiboLAND

Par Louis Jameson

01/14/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Aprè 3 lane, lopital OFATMA pweske rive nan fen istwal nan vil Pòdpè batize site kapwa lamò.

3 lane aprè, mouche leta ap vanse seryezman pou fini ak travay konstriksyon lopital sila ki jwen jaret asistans peyi Taywan.

Pou kounya, batiman prensipal la deja anba gwo kouch penti san konte enstalasyon pano plafon PVC ki koulwa ap vale teren.

N ap raple w, seremoni poze premye pyè pou konstriksyon lopital la te òganize 13 janvye 2019 ak prezans ansyen premye dàm lan, Martine Moïse, aktyèl direktè jeneral la, Dr Agabus Joseph san nou pa bliye plizyè gwo chabwak nan politik la ak nan sosyete sivil la ki te pwezan.

Share: