Yon kokenchenn dife pran nan Thor 10, komin Kafou

105
0
Share:
TRiboLAND

01/22/2022

Kafou, Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon kokenchenn dife achte syèl ble komin Kafou lajan kontan jodi samdi 22 janvye 2022 a, patikilyèman nan Thor 10.

Selon enfo ki arive nan sal redaksyon TRiboLAND, yon parèy ensandi ki fèt apati yon gwo eksplozyon gen pou wè avèk yon tank estokaj gaz ilegal.

Konsa, selon yon seri sous medyatik, plis pase yon dizèn moun ta mouri san konte lòt ki blese grav; sèvis ponpye nan komin Kafou te genyen gwo difikilte pou te desann fe dife a ki pat sispan pwopaje.

Share: