Ansyen prezidan Joseph Michel Martelly adrese l ak pèp ayisyen an ak yon kantik “Silans”

01/27/2022
Ansyen prezidan Joseph Michel Martelly atravè yon video kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, deside sòti nan silans li e adrese l ak pèp ayisyen an byen bonè maten jounen jedi 27 janvye 2022 a.
Alatèt PHTK ki te genyen yon chemizye woz sou li, te kòmanse ap swete pèp ayisyen an bòn ane, bon siksè ak lanmou, pandan ke l ap konseye yo siksè sa a dwe sòti nan bon jan konba.
Ansyen chèf LETA a, nan kad ti koze ak nasyon an te rive panche sou asasina defen prezidan Jovenel Moise ke l konsidere kòm yon kou di pou li pèsonèlman. Pou ansyen lokatè palè Nasyonal la, li pa kwè gen yon moun ke lanmò ansyen prezidan sila fwape plis pase l pwiske se li menm kite fè chwa prezidan Jovenel Moise kòm moun ki pou te vin dirije peyi a.

Sepandan, ansyen prezidan an fè konnen li vrèman sezi wè ipokrizi nèg isit; paske lèl t ap fè chwa prezidan defen an, anpil nan yo te mande l : “kote l prale ak peyizan sa a”. Pou Michel Martelly, yo pat janm wè nan Jovenel Moise byen kòm moun ki te kapab vin nouvo lokatè palè Nasyonal. Konsa, aprè lamò l yo tout pran pòz yo te jovenelis pase l.
Pou tèt sa, li fè konnen sou dosye asasina ansyen chèf LETA a, li kanpe sou yon bit “silans” ba pandan ke la tann lajistis fè travay li. Li prefere gade silans li paske dapwè li menm kout kanno silans fè plis bwi ke kout kanno bal.
Antouka pou fini, chèf bandi legal yo, konseye tout moun rete tèt frèt pou yo pa kite detraktè bouye pis yo, yon mannyè pou bonjan verite rive blayi sou zak malonèt kite poze jou kite 7 jiyè 2021 an.
Genson HYPPOLITE, TRiboLAND.com






